French Creole
Mwen pa konnen pouki
kap pitit vwazen an
koke sou on pye zanmann
pouki ti kadav la blayi
sou beton an
je louvri
Mwen pa konprann
pouki lapli pa janm sispann
jwe kipègay ak lavalas
pouki larivyè krache fyèl li
sou do tèt kay
Pèsonn pa sonje
koulè machin ki vòltije
senk timoun
yon mèkredi maten
Kafou Maren
M pap chache konprann
Pa di m lavi ak lanmò mache
ansanm
mwen pa enterese konnen
konkòdaj malè trase
ak zetwal nan syèl
ki kontra yo siyen
Ale filozofi vouzan
Sèl sa m konnen
lanmè pa vin pi bèl
plis zwazo pap vole nan syèl
pase yon sanzave yo rele kansè
ap blayi lapenn nan kwen kay.
Mwen gen atrit nan kè
pa gen tretman pou sa
Pa di m koze pwenti
lespri m pa pran presyon
Mwen p ap chache konprann sa k fè
latè fè laviwonn jis tèt nou pati
Sèl sa m konnen
se pa yon sèl maten tigason donnen
se pa solèy ak lapli ki fè tifi grandi
pèsonn pa ka di m manti
lè m di
moun pa flè